Samdi 22 fevriye 2025 la, Ayiti pèdi youn nan gran mizisyen ak jounalis li yo. Jean Jean-Pierre, mizisyen, aranjè epi jounalis, kite nou, men eritaj li ap rete vivan.
Kòm fondatè Kiskeya Orchestra, li make listwa mizikal peyi a epi mete kilti ayisyèn an sou sèn entènasyonal la ak fyète. Men angajman li pa te limite nan mizik. Kòm jounalis, li te toujou defann libète lapawòl ak tout fòs li, mete limyè sou kilti ak reyalite sosyopolitik peyi a.
Jean Jean-Pierre travèse, men vwa li, mizik li, ak lit li pou kilti ak libète ap toujou sonnen nan lespri tout moun ki te konnen li.
#Libere #Lapawòl
#Liberez #Laparole