7 fevriye 1986— yon jou lespwa, yon jou libète! Jou pèp te leve kanpe, kraze chenn diktati a, mete bout nan rèy san ak laperèz. Nou te kwè demokrasi a t ap limen yon lòt lanp, nou te kwè chimen jistis ak devlopman an t ap louvri. Men, 39 lane apre, kisa Ayiti te fè li ap peye?

Yon peyi ravaje nan yon seri kriz san bout, lavi yon pèp ki chak jou ap degoute san gout pa gout, yon nasyon san direksyon, kote lespwa tounen yon mango merilan machin kraze bò lari. Demokrasi yo te pwomèt la vin tounen yon karikati, yon demokrasi santi, yon demokrasi krizokal-malatchong, demokrasi a tounen twal pye douban pòt zotobre, yon demokrasi ki fè lajan trezò piblik tounen byen prive zotobre ak ti fanmi, ti zanmi.

Trayizon sou trayizon: 39 Ane Vòl ak Magouy

Apre Duvalier fin ale, nou te panse Ayiti t ap rekanpe sou de pye. Men, depi premye gouvènman tranzisyon an, ak Henri Namphy, li te klè gen yon plan pou bloke chimen liberasyon pèp la. Koup d Eta sou kou d Eta, konplo, manipilasyon te vin tounen règ jeneral.

Jean-Bertrand Aristide te pote yon lespwa, men lènmi pèp la te gentan mete lapat sou mouvman Lavalas la. Tout konfyans pèp la te mete nan li fini nan divizyon ak estrateji malonèt. Militè ak laboujwazi-flibistye a fè koudeta kont li an 1991. Lè li retounen an 1994, li antre nan alyans ak menm fòs fè nwa ki t ap detwi l yo.

Laboujwazi pa dakò pou se Pèp la ki gen pouvwa. 

Gouvènman Preval yo pa t kòdyòm. Yo te moute miwo-miba. Malgre li pa t gen etikèt diktatè, li te pran pozisyon plizyè fwa ki te montre li plis ap jwe jwèt laboujwazi olye li te  defann pèp la. Pandanstan, Sistèm lan te kontinye ap pouri, epi li prepare chemen pou sa ki vin pi mal pase tout sa nou te janm konnen yo: PHTK ak Michel Martelly, yon konfreri teworis!

Michel Martelly: Chèf Mafya-Teworis PHTK a

Si gen yon moman kote Ayiti vrèman plonje nan yon twouying san fon, se lè Michel Martelly pran pouvwa a an 2011. Se pa sèlman yon lòt vòlò ki te pran tèt peyi a, men se yon konplis entènasyonal, yon mesye san prensip, yon espyon laboujwazi, yon chèf bandi legal ki bay mafya transnasyonal la tout kontwòl sou peyi a.

Se sou gouvènman Martelly a:

• Kriminèl ak gang vin pi fò pase Leta jouk yo tounen teworis, ak lajan PHTK ki fin destabilize tout sistèm sekirite peyi a.

• Lajan PetroCaribe a disparèt san okenn tras, pandan pèp la ap mouri mizè-grangou.

• Leta pèdi tout souverènte li, paske Martelly vann tout richès peyi a bay zanmi l yo.

• Yon sistèm kidnapin ak masak vin pran plas demokrasi, kote tout moun ki leve vwa yo mouri sasinen oswa disparèt.

Apre Martelly, li mete Jovenel Moïse kòm prezidan, yon lòt zak trayizon pou kontinye plan destriksyon peyi a. Gouvènman Jovenel la te vin pi rèd: plis ensekirite, plis kidnapin, plis vòlè ki ap dechouke Leta. Masak Lasalin, Bèlè, Site Solèy, elatriye, montre byen ki kalite rejim kriminèl ki kidnape peyi a. Se anba move gouvènans sa a Jovenel Moïse mouri krabinen-sasinen. Anvan li mouri li te fè gwoup teworis yo tounen yon gwo federasyon ki rele Viv Ansanm.

Se Nou Ki Pou Ekri Yon Lòt Chapit

Nou te mete boit nan rèy diktati 7 fevriye 1986 la, men nou pa janm mete fen nan sistèm trèt ak san konsyans k ap depafini Ayiti a. Yo kwense nou nan dyagonal, yo fòse nou abandone lit la, koulya se vòlò ak teworis ki fè lalwa, se nou ki pèdi lespwa.

Nou poko fini! 

Si nou kite PHTK ak  labou-jwazi mafya a kontinye kraze Ayiti, nou pral pase pou yon bann lach ki trayi nasyon an. Si nou pa mete tèt ansanm pou kase chenn sa a, n ap kontinye rete prizonye anndan yon grenn soulye san lespwa.

Yon Pouvwa San Legitimite, Yon Konplo Kont Souvènte Peyi a

Jodi a, apre tout trayizon, apre tout masak, apre tout kidnapin, nou jwenn yon lòt modèl pouvwa kote sèt (7) prezidan ap jui privilèj nan yon pratik byen san swe, san respè pou mizè pèp la. Se pa pèp la ki te mete yo, men se yon akò Caricom enpoze klas politik la ak sipò Loksidan, ki chita sou magouy ak dil ant ansyen kriminèl PHTK ak yon bann dinozò politik. Olye pou pouvwa sa a travay pou soulaje souffrans Ayisyen, li pito ranfòse sistèm peze souse ki fin detui nasyon an. Lajan kès Leta a se pou gwo chabrak sa yo ak alye yo nan boujwazi a, pandan pèp la ap nwaye nan grangou ak ensekirite.

Men pi gwo konplo ki sou pye jodi a: yon koudeta kont Konstitisyon peyi a, ki makiye sou non referandòm. Yo vle chanje Konstitisyon 1987 la, ki te met anpil baryè kont predatè, pou yo ka legalize gwo trèt ki fin mete Ayiti nan lanfè a. Objektif la klè: bay apatrid yo nasyonalite, ba yo baryè lib pou yo ka fin vann peyi a bay bann pirat transnasyonal ki dèyè richès anba tè nou. Yo vle livre Ayiti bay mafya entènasyonal k ap sèvi ak nou tankou zannimo nan labatwa, pandan nou menm nou rete ap gade. Si pèp la pa leve kanpe kont konplo sa a, si nou kite yo masakre Konstitisyon nou an, demen n ap ret san peyi, san dwa, san avni!

Istwa pa fini! Se nou ki pou ekri yon lòt chapit!

#Libere #Lapawòl