3.8 milyon dola depanse pou vizit prezidan kolonbyen an Ayiti: ki pwojè konkrè?
Prezidan Kolonbyen Gustavo Petro te fè yon vizit zèklè nan peyi d Ayiti mèkredi 22 janvye 2025 pase a nan sousi pou ranfòse zanmitay Kolonbi ak Ayiti, ki ravaje nan zak vyolans.
Men, kantite lajan yo di ki depanse pou reyabilite vil Jakmèl la, kote otorite ayisyen yo te resevwa prezidan Petro a, kite anpil bougonnen ak dout sou depans yo. 3.8 milyon dola Vèt. Se pa jwèt.
Yon dal pwojè plen okjektif
Daprè yon kominike biwo Petro, prezidan Kolonbyen an te vin rankontre ak otorite ayisyen yo pou diskite sou pwojè yo genyen nan domèn agrikilti, teknoloji, ak ekonomi.
Li te rive nan Jakmèl, nan sidès peyi a, san li pat pase nan kapital Pòtoprens. Trafik ayeryen komèsyal yo pa fonksyone nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti depi lè gang yo te tire sou plizyè avyon nan mwa novanm 2024. Se yon avyon militè ki te ateri Jakmèl ak prezidan an.
Vizit Petro a fèt pandan Premye Minis ayisyen an ak yon konsèy prezidansyèl tranzitwa ap chèche sipò entènasyonal pou amelyore sitiyasyon peyi a. Lapolis ansanm ak yon misyon L’ONU ap soutni, Kenya ap dirije k ap eseye kontwole vyolans gang yo ak anpil maladrès. Anyen serye poko janm ka fèt tout bon vre.
“Nan yon moman kritik pou estabilite Ayiti, Kolonbi reyafime angajman li pou ranfòse demokrasi ak devlopman nan rejyon an,” se sa biwo prezidan #Gustavo #Petro deklare.
Anvan li rive Ayiti, GustavoPetro te rankontre ak otorite nan Repiblik Dominikèn, ki pataje zile a ak Ayiti.
Yon vizit ki soulinye enpòtans lapè ak devlopman. Prezidan Petro se Sèl chèf d Eta ki vizite Ayiti, malgre ogmantasyon vyolans gang yo. Men, li pat pase nan nich gèp la ki se vil Pòtoprens ki pa manje anyen knfrèt.
$3.8 milyon: Yon depans ki kite anpil dout
Gouvènman Ayisyen an depanse anviwon 3,8 milyon dola pou reyabilite enfrastrikti ki t ap kraze nan Jakmèl anvan vizit Petro a. Pwojè yo te limen pwojektè sou elektrisite, renovasyon otèl vil la, ak ogmantasyon longè pis aterisay ayewopò Jakmèl la pou avyon militè Kolonbyen an te ateri.
Ak vitès otorite ayisyen yo jwenn anviwon 3.8 milyon dola Vèt pou yo de panse a, fè anpil moun sezi, paske anpil fwa otorite yo toujou di se mwayen ki manke ki fè ensekirite a pa ka rezoud. Si yo ta itilize yon $3.8 milyon dola konsa, konbyen elikoptè yo ta ka achte byen ekipe pou batay ak teworis Viv Ansanm yo? Priyorite dirijan yo sanble pa chita sou rezoud pwoblèm ensekirite nan peyi a!
“Gouvènman an pa gen lajan pou amelyore lavi yon dal moun bandi te kwape lakay yo ki ap viv nan kan lamizè, men yo debloke anviwon 3.8 milyon dola Vèt nan yon bat je pou depanse pou yon vizit ki dire 4 trè d tan?”
Yon bann moun ap mouri grangou, bandi fè moun yo kouri kite Kay yo pou yo al viv nan kan malsite anba labou, nan grangou ak fatra. Nou pa gen dwa janm bliye sa, se nan yon bat je, soti 2011 pou rive 2025 PHTK anfanmiealye-viv ansanm anfrajele peyi a, yo fè Ayiti tounen yon rayon chire ki pandye sou lantouray yon vwazen regadan kap plede pimpe ayisyen ki te kouri pou lamizè retounen. Se tankou yon kolonn bèt fewòs ki fonse sou peyi a, yo depatcha peyi a. Inivèsite pap fonksyone, lekòl lise, bandi dechouke yo, “Yo pa ka peye pwofesè. Viv ansanm dechouke tout Lopital. Anyen pap fonksyone nan peyi a akoz teworis. Sof sistèm enpinite a ak koripsyon kap fonksyone nan peyi a.
Leta ayisyen pa janm aji sou priyorite. Èske li te nesesè pou leta te depanse tout lajan sa yo pou yon vizit kout zèklè ki dire katrèd tan?
Se vre nou konstate Nan demach prezidan Leslie Voltaire yo gen yon Siyal angajmam ki bay. Men, Fòk prezidan an pa kite sistèm raketè-vòlè-piyajè ki nan leta a trennen li nan yon seri depans initil pou fèl pèdi chèlbèl.
Jodi a. Mwen ta renmen yon otorite nan peyi a di Mizapa yon ti longè yo bay pis aterisay ayopò a, yon ti kouran mourilimen ki pa menm alimante tout vil la, yon ti kouch penti yo bay meri a, mwen ta renmen yon otorite di Mwen kisa ki rete pou Jakmèl nan tout depans ki fèt yo. Ki fim yo te pran, e kouman kòb la depanse. Ki rezilta konkrè ki soti aprè vizit la? Pou Dayè daprè konsta, pat gen kouran sou Pò touristik la, se tankou yon ti lanp Tèt gridap ki tap mouri limen nan moman prezidan Petro te nan vizit la.
Yon vizit pou 4 trèd tan ki koute leta Ayisyen 3.8 milyon dola Vèt. Se pou moun yo ta bay nan kisa lajan sa yo depanse. Paske jodi a se sekirite ki ta dwe pi gwo priyorite. Nanpwen wout pou ale Jacmel an sekirite. Wout lamitye a te deja fin kraze. Koulya bandi pa kite moun pase okenn kote. Yon vye wout kalvè-mirak an pasan pa kenskòf pou tonbe Jacmel ki tap fonksyone, viv ansanm voye bandi al reklame Li. Moun kenskòf ap viv ak kè sote paske viv ansanm vle mete moun yo deyò. Leta pa ka ap plede fè gwo depans ki pa chita sou priyorite moman an. Priyorite moman an se sekirite ak manje. Viv ansanm ap grennen bal pou simen dèy tout kote, popilasyon yo menm 2 bra pandye, dlo nan je san manje, epi ou tande leta depanse 3.8 milyon dola ameriken pou vizit prezidan kolonbyen a san yo pa janm anonse kisa yo jwenn kòm pwojè konkrè pou vil Jacmel ki ta ka yon benefis pou peyi a… poutan 3.8 milyon dola sa te ka achte petèt 2 zou 3 elikoptè pou ede PNH ak FADH la kase fe ensekirite nan peyi a.
Anreyalite, ou finalman rann ou kont, ensekirite a se yon kòmès ki rantab pou boujwa ak mafya ki kidnape leta a…! Premye minis ki la a pa bay Siyal li vin konbat ensekirite. Ou plis wè li sanble yon sèvitè laboujwazi mete la a pou regle biznis prive yo. Epi depi li fin enstale nan Primati a, se nan konfli li antre ak manm otorite nan leta, espesyalman Normil Rameau ki se DG PNH la.
Alfred Métellus, nouvo minis Ekonomi ak Finans Ayiti a, te deklare ekstansyon pis ayewopò vil Jakmèl la ap ede ranfòse ekonomi Jakmèl. Li te ajoute prizon Jakmèl la ap jwenn renovasyon tou, pandan touris yo kapab kòmanse retounen nan zòn nan. Men, apre vizit la pa ko gen okenn bilan ki fèt. Pou Dayè, Minis kilti a eklipse ministè touris nan mouvman an, poutan Jakmèl ki se yon vil ki gen vokasyon touristik ou pa ka ap fè yon pwojè devlopman ki pa panche sou filyè touristik la.
Ofinal ou ta ka mande Tèt ou poukisa vrè pwoblèm yo pa janm priyorite?
Koulya a nan sa Ayiti ye la a, ou tande Minis kilti a ap jwe pyezemen pou li al gagote yon bann lajan nan Kanaval li vle al fè Fòlibète. Mwen pa gen anyen kont Fòlinète. Men priyorite moman an pa ka Kanaval nan Fòlinète ki deja pat gen abitid fè gwo evenman kiltirèl sa a ki mande anpil depans ak preparasyon.
#Libere #Lapawòl
#Liberez #Laparole