Grav aksidan ayeryen toupre Reagan National Airport : Yon avyon pasaje ak yon elikoptè militè fè kolizyon

Arlington, Virginie – 29 janvye 2025

Yon grav aksidan ayeryen rive aswè mèkredi 29 janvye a, toupre Reagan National Airport, nan zòn Arlington, Virginia. Yon avyon pasaje American Airlines 5342, ki te gen 60 pasaje ak 4 manm ekipaj ladann, antre an kolizyon ak yon elikoptè militè Black Hawk lame amerikèn lan, ki te gen 3 solda sou li.

Daprè premye rapò #Cnn resevwa, apre kolizyon an, avyon pasaje a plonje nan rivyè Potomac ki sitiye nan D.C., men pa gen enfòmasyon klè sou sante pasaje yo pou kounye a. Otorite yo lanse yon gwo operasyon sekou an ijans pou eseye sove moun ki te nan avyon an ak elikoptè a.

Pou kounye a, pa gen detay sou kòz kolizyon an ni sou kondisyon moun ki te anndan aparèy yo. Ekip sekou yo, ki gen ladan plizyè inite ponpye ak gadkòt, ap travay san pran souf pou jwenn sivivan yo epi rale debri yo soti nan dlo a.

Se pa premye fwa yon trajedi avyon konsa rive nan zòn sa a. Anpil moun sonje aksidan Air Florida vol 90 an 1982, kote yon avyon te plonje nan menm rivyè Potomac la, toupre pon 14th Street, apre li te dekole nan move kondisyon metewolojik.

Otorite yo pral mennen ankèt pou konprann kòman de aparèy sa yo te kapab antre an kolizyon, sitou nan yon espas aeryen ki kontwole. Nou rete tann plis detay sou sitiyasyon an ak sou posiblite sivivan.

Nap kontinye swiv devlopman trajedi sa a pou pote plis enfòmasyon sou ankèt ki pral louvri ak sou sante pasaje yo.

#Libere#Lapawòl

#Liberez#Laparole

By admin

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *