Nan yon peyi kote moun ap mouri chak jou anba bal gang, kote lavi pèp la pa vo anyen, kote lapèrèz tounen lòd jeneral, Ministè Kilti ak Komite Kanaval la deside al gagote 536 milyon goud (4 milyon dola ameriken) pou yon kanaval nan Fort-Liberté.
Alòs, pandan timoun pa ka ale lekòl, fanmi ap kouri kite kay yo pou chape anba kout bal, pandan ensekirite ap depafini popilasyon an, gouvènman an ap bay lajan pou banbòch, pou gouyad ak deblozay!
Minis Kilti a, yon achitèk trè Koni, ki ta sipoze defann valè ak patrimwàn nou, pito vin yon senp ajan distribisyon lajan pou mafya kiltirèl ak politisyen san vizyon. Eske minis sa a wè sa pèp la ap pase? Eske li konnen Ayisyen pa menm ka manje, fanmi ap dòmi anba tant, majorite sitwayen yo pè mete pye nan lari?
Kilti Pa Vle Di Gagòt, Kanaval Pa Vle Di Krim Kont Pèp
Kilti se idantite pèp la, men kilti pa vle di gagòt! Kanaval pa ka yon priyorite pandan peyi a chita sou kadav, pandan peyi a ap nwaye nan san. Sa n ap viv la a, se pa kilti, se pa devlopman, se yon konplo pou vòlò lajan Leta pandan peyi a ap prèske disparèt nèt. Si gouvènman sa a te gen respè pou pèp Ayisyen, li t ap mete 4 milyon dola sa yo nan sekirite. Epi pou ki rezon se Fò Libète. Paske kapital la pa gen sekirite. Bandi pran yon Kapital pou yo fè kanaval, epi gouvènman pral kache Fò Libète pou y al gagote, banboche, sa rele sanwont, iresponsab, sa rele juisè…
Se pa kanaval nou bezwen, se sekirite! Se pa mizik nou bezwen, se jistis! Si gouvènman sa a panse li ka kontinye fè gagòt sou do pèp la san denonsyasyon ak kritik, se paske Laprès la touche pou yo pa pale gouvènman mal.
#Libere #Lapawòl
#Libere #Laparole