*Pa ekri yon lang byen, se pa jis yon neglijans, se yon mank respè pou li*.
Se sa jounalis Valéry Numa soulve lè li obsève kijan kreyòl ekri ak erè sou anpil konsiy nan ayewopò Etazini. Pi grav toujou, se Ayisyen menm ki souvan responsab erè sa yo. Sa pa montre sèlman yon mank metriz lengistik non, men yon pwoblèm majè nan rapò nou ak pwòp lang nou.
Kreyòl ayisyen se pa yon dyalèk, se pa yon lang dezyèm klas, se pa yon franse ki maltrete. Se yon lang konplè, ki gen estrikti, règ sentaks, règ gramè, vokabilè rich, epi ki te pran nesans nan kad yon istwa lit kont lopresyon. Se pa yon lang ki “enfòmèl”, men se pito yon lang ki te majinalize pwòp sistèm edikatif nou. Nou konnen sa. Kòm rezilta, anpil Ayisyen panse li nòmal pou yo pale li jan yo vle, ekri li jan yo pito. Yo konsidere li kòm yon lang oral, san prestij akademik. Poutan se pa vre. Gen anpil batay ak travay ki fèt ki bay lang lan yon avansman wòdpòt.
Erezman, depi lane 1979, gen yon seri lengis, ekriven-defansè Kreyòl Ayisyen ak lòt enstitisyon ki te travay sou yon òtograf, ki ta pral debouche sou yon travay akademisyen kreyòl yo ta pral ofisyalize Jodi a. Anpil liv, jounal, ak dokiman administratif pibliye an kreyòl, e lang lan itilize nan inivèsite nan peyi d Ayiti ak nan inivèsite plizyè lòt peyi sou latè. Si malgre tout sa, yon moun kontinye ekri kreyòl avèk erè, se pa paske li pa aprann li nan lekòl—se paske li pa fè efò pou l aprann li. Se yon parès.
Kilti lekòl, kilti parès
Anpil Ayisyen mete lekòl franse kòm pi gwo mezi konesans. Yo panse tout sa ki pa franse pa vo anyen. Men iwonikman, anpil ladan yo, menm lè yo ale lekòl franse pandan dis osnon kenz lane, yo toujou ekri franse ak fot. Yo ka pase lavi yo ap ekri “soulier” kòm “soulié” oswa “chaussure” kòm “chossure”, men yo pa santi okenn wont. Se pa menm jan an pou kreyòl. Yon moun ki ta ekri “tèt” kòm “tètèt” oswa “pays” kòm “pèyis” ap imedyatman konsidere kòm yon moun ki pa edike,
Paske lang pa sèvi san vokabilè ak òtograf. Kreyòl ayisyen an reponn tout egzijans sa yo.
Sa ki pi grav, se lè sa rive nan domèn ofisyèl: dokiman gouvènman, panèl piblik, anons nan enstitisyon entènasyonal, ak panse ki soti nan men pwofesyonèl ayisyen, ki ta dwe konnen òtograf kreyòl. Menm jan ak Valéry Numa, nou ta ka mande tèt nou: Ki sa ki eksplike neglijans sa a?
Se yon parès! Pa gen okenn lòt eksplikasyon. Yon moun ki aprann sèvi ak Facebook, Instagram, ak TikTok kapab pran 10 minit pou li chèche règ òtograf kreyòl ayisyen an, paske AKA mete yo disponib pou itilizatè lang lan. Yon moun ki panse l entèlijan ase pou li travay nan administrasyon piblik, ekri dokiman ofisyèl, oswa mete anons pou tout moun ka li, sipoze respekte lang pèp la.
Lang lan, se idantite nou
Pawòl sa yo sanble senp, men yo chaje ak verite: Yon pèp ki pa respekte lang li, se yon pèp ki ap mouri san li pa reyalize sa. Lang kreyòl la se poto mitan kilti nou. Lè nou ekri kreyòl ak fot, nou montre nou pa bay kilti nou valè. Lè nou chwazi pa aprann ekri li byen, nou aksepte pèdi idantite nou.
Si Ayisyen te renmen lang yo menm jan ak Panyòl renmen lang panyòl, ak Anglè renmen lang angle, nou pa t ap gen konsiy nan ayewopò ki ekri mal. Olye nou plenyen nou pat aprann li lekòl, ann kòmanse mete tèt nou sou li pou nou aprann li byen. Epi, nan jenerasyon moun ki ap ekri lang lan mal ak anpil fot yo, genyen ki ta ka pitit oswa pitit pitit Franketienne ki se yon gran kreyolofòn ki fè anpil travay nan lang lan. Kreyòl se pa senpleman yon lang nou pale; li se esans nou, li se eritaj nou, li se zam nou nan lit pou egzistans nou. Se pa lekòl sèlman ki fòme nou, se volonte pou nou aprann ki pi enpòtan.
Pa ekri lang ou byen, se pa jis yon erè, se yon krim kont idantite w!