Yon tranblemanntè magnitid 7.6 frape Karayib la epi lakòz yon avètisman sou posibilite tsunami pou Pòtoriko ak Zile Vyèj yo. Malgre sa, otorite yo pa rapòte okenn menas grav pou kòt Ayiti yo jiskaprezan, men vijilans nesesè.
Daprè Pwoteksyon Sivil Ayiti, kòt Grandans lan, sitou Jeremi, pa an danje. Previzyon meteyo yo montre rejyon an ka resevwa vag ki mwens pase 30 cm, san gwo risk. Otorite yo ankouraje tout moun rete vijilan epi swiv konsiy Pwoteksyon Sivil ak otorite maritim yo.
Sous: Pwoteksyon Sivil Ayiti/USGS