Se pa yon sipriz pou pèsonn : Etazini mete ansyen prezidan Michel Martelly sou lis sanksyon yo pou trafik dwòg. Men, sa ki plis etonan an, se silans laprès ayisyèn lan sou dosye a. Yo te fè yon ti anons anchatpent, epi apre tout moun kolure machwè yo. Se tankou Michel Martelly se yon pèsonaj yo dwe, se tankou laprès lan gen dèt pou li. Se Sèl Rudy Sanon wi ki tanzantan fè kèk Rapèl sou zak Martelly yo. Kote gwo gagann kap fè analiz yo ? Kote repòtaj yo ? Kote tout deba cho yo, menm jan yo te fè lè Youri Latortue, Victor Prophane ak lòt malandren yo te tonbe anba sanksyon?
Lè se te lòt moun, Laprès fè gwo bri. Laprès te mete dife sou sanksyon yo. Men pou Martelly, yo jis pase sou li rapid vit an kout zèklè, tankou se yon ti nouvèl san enpòtans. Men, ki moun ki simaye zam nan bidonvil yo pandan l t ap dirije ? Ki moun ki te nan tout konbinezon ak bandi pou kenbe pouvwa a epi mete peyi a anba men la mafya? Michel Martelly, nou pa bezwen pè di sa, se youn nan pi gwo responsab dezas Ayiti ap viv jounen jodi a.
Men, sanksyon yo pa ase. Si lajistis ak lapolis Ayiti gen kouraj arete Magali Habitant ak Victor Prophane pou trafik zam ak bal, poukisa yo pa ka mete men sou Michel Martelly tou ? Poukisa Edouard Baussan ki se yon gwo trafikan ak tout lòt gwo palto ki detwi peyi a ap mache lib san okenn enkyetid ? Si gen lalwa, fòk li aplike pou tout moun. Magali Habitant Al Victor Profane se 2 grenn yo pran nan yon ganizon zannimo ki ravaje tout yon peyi.
Laprès ak lajistis dwe sispann aji nan patipri. Lè se ti malere, yo plen tit ak imaj pou fè eskandal nan jounal. Men lè se gwo zotobre, yo fofile yon ti nouvèl sou pwèl epi yo rale fèy dola yo kouvri sa. Ayiti pap ka soti nan fènwa sa a si nou pa mete tout kriminèl yo, san distenksyon, devan lajistis. Michel Martelly dwe reponn kesyon li merite reponn devan lajistis epi si li koupab, li dwe peye menm jan ak tout lòt ki enplike nan destriksyon nasyon an.