Prezidan #Donald#Trump pral kontinye ak nouvo taks sou Kanada, Meksik ak Lachin apati samdi, daprè sa LaMezon Blanch anonse. Se konfime li pral respekte dat limit 1e fevriye a pou nouvo frè sa yo ki ka gen gwo enpak sou ekonomi an.
“Mwen ka konfime ke demen, dat limit 1e fevriye 2025 lan Prezidan Trump te fikse nan yon deklarasyon plizyè semèn deja ap toujou kenbe,” se sa sekretè pou laprès LaMezon Blanch, Karoline Leavitt, te deklare nan yon konferans pou laprès vandredi sa a.