Neuf prezidan nan yon sèl peyi, yon gouvènman san direksyon, 11
mwa san okenn rezilta! Yon gwoup rapas-tchoul yon sistèm MiwoMiba kap souse mwèl yon peyi depafini nan avantaj yon pwojè teworis-transnasyonal.
Sa se reyalite Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki, olye li avanse, li ap fè bak pou pwojè teworis la fonse sou Pèp la. Malgre tout diskou ak tout bèl pawòl, gouvènman Didier Fils-Aimé ap devore lajan leta pandan popilasyon an ap boule tou vivan anba dife-lanfè bandi PHTK-Viv Ansanm-An-Fanmi-E-ALYE!
Yon Gouvènman Pou Boule Lajan, Pa Pou Sove Peyi
Depi Konsèy Prezidansyèl la pran pouvwa, chak manm ap panse ak avantaj pèsonèl li. Plasman zanmi, vwayaj, biznis anba anba… yo pa menm ka mete lòd lakay yo. Epi Premye Minis Didier Fils-Aimé, ki ta dwe pran desizyon klè pou sove sitiyasyon an, pi plis li la, se pi mal peyi a vin ye.
Anpil nan nou ki ap li atik sa a, nou gen dwa pat konnen, men anpil nan moun ki te ap fè lòbi, pou yo te mete Didier Fils Aimé nan tèt primati a, yo te konnen premye minis la se yon danje sosyal. Se yon pwazon pou peyi a. Lè misye te kandida an fas Don Kato, tout moun ki bay misye pòs premye minis la te konnen misye te mache simaye zam nan GETO yo pou li te vòlò eleksyon an. E se paske Kato te benefisye yon antouraj politik solid ki te fè li genyen eleksyon yo an 2015. Yon nèg ki te ap bay zam Nan GETO yo Nan eleksyon 2015, Jodi a ki chèf CSPN, li plen lajan nan men li, nanpwen anyen ki di se pa li menm ak alye politik li yo ki alimante gang Viv Ansanm yo pou yo devore Pèp ayisyen an.
Nan moman nou ap pale la a, lari a, gang yo, espesyalman Viv Ansanm, ap boule moun, ap dechèpiye katye yo, ap fè moun tounen esklav nan pwòp peyi yo. Jodi a, Kidnapping se yon endistri ki byen òganize, kote menm manm gouvènman an ap peye ranson pou pa mouri anba bal!
Yon Konsèy San Plan, Yon Premye Minis malveyan
Lè Konsèy sa a te monte, anpil moun te panse yo tap pwofite bay peyi a yon nouvo direksyon. Paske nan moman an te gen yon vid enstitisyonèl, Fòk nou te jwenn yon gwoup sitwayen ki monte yon pwojè rekadraj pou yo te wete peyi a nan twou vid li te ye a apre Ariel Henry. Men, peyi a soti anba men yon atoufè, li tonbe anba men yon pwazon ki rele Alix Didier Fiks Aimé.
Yon bann mesye dam kap chita ap goumen pou pòs ak avnataj pa yo, pandan pèp la ap mouri. Yo di yap mete sekirite, men gang ap vale teren. Yo chita y ap gagote lajan nan referandòm, yo anonse eleksyon,poutan se pa sa ki priyorite nan sitiyasyon Pèp ayisyen an ye la a.
Ki wòl Premye Minis la? Li la san l pa la. Pa gen okenn estrateji, pa gen okenn aksyon konkrè, epi chak jou kriz la ap vin pi grav. Pandan l ap chita nan biwo l ak gwo konpayon l yo, bandi ap touye, ap boule, ap ravaje tout sa ki vivan.
Ki avni yon peyi ak modèl dirijan vwayou sa yo?
Ayiti merite yon gouvènman ki gen vizyon, yon gouvènman koupe fache, ki gen estrateji, ki konn kote li prale. Men ak sa nou genyen jodi a, se lanfè kap kontinye sou tè papa Desalin lan! Li klè, Konsèy Prezidansyèl sa a pa kapab bay rezilta, yo dwe bay demisyon yo pou pèp la chèche lòt moun ki ka fè travay la! Paske chak jou ki pase se plis san kap koule, plis mizè kap vale peyi a.
Ayiti pap ka kontinye viv nan yon leta san chèf, san prensip, kote sèlman gang ak politisyen ki ap pwofite egzekite pwojè destriksyon nasyonal la o pwofi laboujwazi santi a ki ap fè tchoul kapitalis okaidantal yo ki bezwen vin piye peyi a!
#Libere #Lapawòl
#Liberez #Laparole